Kandida demokrat pou Mezon Blanch lan Joe Biden, sou chèn amerikèn NBC News, fè konnen se konpòtman prezidan Donald Trump ki fè li trape kowonaviris la. Yo poze l kesyon sou zafè mask pwoteksyon Lidè repibliken an te retire nan vizaj li apenn li sòti lopital la, Biden reponn: ”Mwen swete prezidan, aprè l fin travèse sa l sot travèse la, bay ameriken yo yon bon leson. Mask yo enpòtan”
Sou twitè, prezidan ameriken an ki sòti lopital maten an, aprè l te trape kowonaviris la, fè konnen pèsòn pa bezwen pè Covid-19 la. Apenn li rive nan Mezon Blanch lan, milyadè a te retire mask nan vizaj li pou te salye sipòte l yo.
N’ap raple, premye sitwayen ameriken an te teste pozitif nan kòmansman mwa oktòb la ak COVID-19 la, li menm ak madanm li Melania. Yo tou 2 te nan karantèn nan Mezon Blanch lan, men pa la swit M. Trump t’ap al ospitalize akòz divès konplikasyon sante.
Pooshy Rosana