Kèk jou aprè l kite lopital kote l t ap pran swen kont kowonaviris la, Donald Trump fè konnen li konte patisipe nan yon rasanbleman kanpay apati samdi sa nan Florid, yon Eta kle pou prezidansyèl 3 novanm nan, alòske demokrat yo simaye dout sou kapasite lidè repibliken an pou dirije.
”Mwen panse m ka eseye fè yon rasanbleman kanpay samdi swa, si n gen ase tan pou n òganize l, men nou vle yon rasanbleman, pwobableman nan Florid
Samdi sa ap make dizyèm jou milyadè repibliken lan te teste pozitif ak COVID-19 la, men medsen Mezon Blanch lan, Sean Conley, te fè konnen prezidan Trump kapab retounen nan aktivite piblik yo apati samdi, pandan l fè konnen Donald Trump te ”byen reyaji ak tretman kont COVID-19 la” nan tout sans.
Pooshy Rosana