Kantite prizonye ki nan sityasyon prevantiv pwolonje nan peyi Dayiti ogmante nan yon pousantaj 6,4% pou ane jidisyè (2019-2020) ki pase a, daprè yon rapò Rezo nasyonal pou defans dwa moun yo (RNDDH) pibliye sou fonksyónman aparèy jidisyè ayisyen an.
RNDDH fè konnen, nan rapò sa a, pousantaj prizonye k ap tann jijman yo soti nan 72,3 % li rive nan 78,7 %. Men kantite prizonye ki jwenn kondanasyon yo bese.
«Sou yon popilasyon kaseral ki se 10 974 prizonye, genyen 8 634 k ap tann jijman. 2 340 jwenn kondanasyon yo nan tout jiridiksyon ki genyen sou tèritwa a», se detay òganizasyon an.
Daprè RNDDH, kriz sanitè Covid-19 la, grèv ki toujou genyen nan sistèm jidisyè a ak mouvman pwotestasyon kont gouvènman an genyen move konsekans sou ane jidisyè ki sot pase a.
Wilner Jean