Anika Chebrolu, yon tifi 14 lane, ranpòte yon konkou syantifik pou divès rechèch li fè pou jwenn yon potansyèl tretman kont kowonaviris la.
CNN rapòte, jenn fi a, ki lekòl toujou, genyen 13 Oktòb pase a yon koukou 3M Young Scientist Lab te òganize, rechèch li yo genyen lyen avèk pandemi aktyèl la.
Anika Chebrolu sèvi ak similasyon nimerik ki regwoupe plis pase 682 milyon molekil, li reyisi izole youn ki rive kole ak proteyin Spike kowonaviris la, li responsab viris la rantre nan selil nou yo. Pwosede adolesant 14 lane a rive kanpe fonksyonman l.
Anika Chebrolu, ki t ap travay sou yon tretman kont viris grip la, jwenn yon potansyèl tretman kont Covid-19 la, epi resevwa yon rekonpans 25 mil dola ameriken.
Pooshy Rosana