raoul-gerard-:-pep-ayisyen-se-yon-gran-pep!

Raoul Gérard : Pèp Ayisyen se yon gran pèp!

PÈP AYISYEN SE W GRAN PÈP!

Lendi 4 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Pèp Ayisyen pran nesans kòm yon GRAN PÈP. Yon GRAN PÈP si nou gade orijin nou ki sòti nan Premye Revolisyon anti esklavajis viktorye nan lemond. Yon Revolisyon nou fè zam alamen nan figi limanite, nan figi lemond. Yon revolisyon ki mete kanpe Premye Nasyon Nèg nan lemond. Se te yon REVOLISYON kont esklavaj, kont kolonyalism, kont rasism ak kont sipremasi blan. 

Nou tap goumen pou EMANSIPASYON, LIBÈTE, EGALITE AK FRATÈNITE. E Deviz nou se INYON SE LAFÒS! Modòd nou pandan Lagè a, pandan Revolisyon an se te LIBÈTE OU LANMÒ! Jounen jodi a, modòd la ta ka BYENNÈT KOLEKTIF OU LANMÒ KOLEKTIF! Anplis, nou kreye pwòp Lang Kreyòl nou. Dapre Konstitisyon 1805 la, nan Atik 9, pou w moun merite AYISYEN, fòk ou BON SÒLDA. E se tou sa ki idantite ak mak fabrik AYISYEN an.

Pa janm bliye, Deviz LINYON SE LAFÒS nou an se LINYON KONT EKSPLWATASYON, KONT OPRESYON, KONT DOMINASYON, KONT REPRESYON, KONT KORIPSYON, KONT ENPINITE, KONT ENSEKIRITE TOUT PLIM, TOUT PLIMAY, E, POU EMANSIPASYON,  POU LIBÈTE, POU EGALITE, POU FRATÈNITE, POU SOLIDARITE AK POU ANTRÈD. MEN ESANS AYISYEN AN. 

Kidonk, fòk nou pran kòm pwenn depa kalite ak mak fabrik sila yo kòm aki ke nou eritye de REVOLISYON ZANSÈT nou ki te mennen a ENDEPANDANS ak SOUVERÈNTE nou Premye Janvye 1804.

Sepandan, dapre evolisyon istorik nou nan peyi a, se KAN PÈP la sèl ki gen enterè devlope kalite ak mak fabrik sila yo nan lit otonòm yo ak travayè yo kòm POTOMITAN LIT SILA YO. 

Ositou, klas dominant reyaksyonè yo, boujwazi a, pwopriyetè fonsye/grandon yo, tiboujwazi reyaksyonè a ak politisyen abolotcho yo pa kapab e pa gen volonte ni enterè devlope kalite sa yo. Nan sans sa a, yo pa ni AYISYEN, e yo pa gen  MOUNITE nonplis. 

Advertisement

Kidonk, pou nou AYISYEN, fòk nou kiltive lakay nou kalite sa yo, karakteristik sa yo ak mak fabrik sa yo, asavwa, EMANSIPASYON, LIBÈTE, EGALITE, FRATÈNITE, SOLIDARITE, ANTRÈD ki baze sou Deviz LINYON SE LAFÒS ak Modòd BYENNÈT KOLEKTIF OU LANMÒ KOLEKTIF/LIBÈTE OU LANMÒ! Moun ki pa gen kalite sila yo, nonsèlman yo pa kapab AYISYEN men yo pa gen MOUNITE nonplis.

Se de kalite ak karakteristik moun ki gen konsyans ap develope nan lit otonòm KAN PÈP la ak TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN! TOUT SA SE ERITAJ AK AKI REVOLISYON 1804 LA. FÒK NOU PATI DE YO POU NOU KONTINYE KONSTWI EVOLISYON ISTORIK NOU. SE SA KI POU METE NOU SOU RAY SOVTAJ AK CHANJMAN KOLEKTIF LA. Pinga nou pran nan okenn DIVÈSYON AK DILATWA sou “eleksyon” malatchong ak “demokrasi” pèpè!

Si w dakò ak lide sila yo, travay pou kiltive yo lakay ou dabò.  An menm tan, sikile yo, pataje yo, fè deba ak lòt moun otou de yo. Sa ka fasilite nou entènalize yo ak konvèti yo an fòs materyèl nan aksyon nap fè toulejou. Travay Otou kalite, karakteristik, ak mak fabrik nou eritye de 1804 yo DWE fè pati entegral aprantisaj, edikasyon, enstriksyon, fòmasyon, mobilizasyon ak òganizasyon KAN PÈP la AK TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN! FÒK NOU RESTORE DIYITE NOU ANTANKE YON GRAN PÈP!

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *